Come In We're Open Sign

Byenvini Sou AyiTee | Welcome To AyiTee

Byenvini Sou AyiTee | Welcome To AyiTee

Come In AyiTee is Open

Nou swete'w labyenvini sou AyiTee. Nou kontan rejwenn ou e nou kontan jwenn okazyon pou nou pataje pwodwi nou yo avèk ou.

AyiTee se fason pa nou pou nou ede chak Ayisyen k'ap viv a letranje rejwenn yon moso peyi'l ke li kapab pataje tout kote li pase. Nou konnen ke li pa toujou posib, an tan k'Ayisyen k'ap evolye a letranje, pou nou ale nan peyi nou tout lè nou vle a koz de obligasyon familyal oubyen travay nou. Nou kreye AyiTee pou ede'w simonte moman nostalji sa yo gras a pwodwi nou yo.

Welcome To AyiTee Banner

 

AyiTee kreye pa Ayisyen pou Ayisyen toupatou nan mond lan. Nou la pou pèmèt tout Ayisyen jwenn yon fason pou yo mache ak yon moso peyi yo avèk yo tout kote yo pase e kèlkeswa kote yo ye. Lè'w poko kapab al nan peyi'w, pwodwi AyiTee yo la pou ede'w jere nostalji a annatandan ke lè a rive pou'w ale.

"AyiTee kreye pa Ayisyen pou Ayisyen toupatou nan mond lan."

Pwodwi AyiTee yo la pou Ayisyen ki an Ayiti tou. Ou pa fòseman a letranje pou'w pran inisyativ reprezante peyi'w ak fyète. Nou kontan sèvi'w tou. Pwodwi nou yo la pou ede'w tou.

Pou plis enfòmasyon a pwope de AyiTee, pa ezite vizite paj Kiyès Nou Ye an. Si'w gen kestyon oubyen ou ta renmen fè yon ti pale avèk nou, ou ka fè sa nan paj Kontakte nou an. Se yon plezi pou nou tande'w e pou nou reponn ou. Donk, pa ezite kontakte nou.

Si'w poko fè sa, ou ka toujou ale sou paj anrejistreman nou an pou'w kapab enskri nan Newsletter nou an. Lè'w fè sa, w'ap rete o kouran de tout nouvèl konsènan pwodwi ak pwomosyon nou yo. Lè'w fenk enskri, n'ap tou ba'w yon rabè 15% sou premye kòmand ou an. Donk, vizite paj anrejistreman nou an epi enskri nan lis nou an. 

AyiTee | Yon Moso Peyi'w Ave'w

 

Nou kontan rantre lakay ou. Nou swete ke pwodwi nou yo ap ede'w reprezante peyi'w, kilti'w e avni'w ak fyète. Mèsi dèske'w chwazi AyiTee.

Leave a comment

* Required fields

Please note: comments must be approved before they are published.